Léogane: Ensekirite a frape pòt lopital st croix ki nan komin leogane.
- Radioteleprosch
- 14 mars 2024
- 1 min de lecture

Info Nouvèl Show
Leogane: Ensekirite a frape pòt lopital Ste croix ki nan komin leogane, 2 nèg byen ame ak kouto yo pa rive idantifye rantre andedan lopital Ste-Croix epi touye yon pasyan ki te nan sal operasyon andedan lopital la jou mekredi 13 mas la 2024 la.
Premye eleman enfòmasyon yo fè konnen Nèg yo te gentan bay Saint Louis Ferdinand 80 lane plizyè bal deja men li pat mouri ,yo swiv li jis andedan lopital la pou fini ak lavi li.
Dapre moun ki te sou plas mesye yo bat mesye a byen bat , yo tranche gòj li .Doktè ak enfimyè ki tap pran swen malad la te oblije kouri pou yo pa viktim .Apre yo finn etèn souf lepè a , kalmeman asasen yo te pran moto yo epi chape pou l yo. Dram sa te kreye yon gwo panik nan lopital la ak zòn ki tou pre lopital la .
Nap raple plizyè lopital sibi mòd zak sa yo deja nan peyi a e genyen ki konn menm oblije fèmen pòt yo akòz ensekirite .Pèsonel ak enstitisyon ki bay laswenyay la pou sèvi tout moun ki nan difikilte .Yo merite pwoteksyon e moun ak zam pa dwe antre al fè zak andedan yo .
Comentarios