Nouvèl Prosch Vendredi 9 Dawou 2024
Kafou-Ensekirite: Komin kafou konnen yon moman tansyon jedi 8 out 2024 la, akoz Afwontman vyolan ant gang Marc Arthur ak Krisla.
Plizyè chante nan Katye Brochette, Waney ak Bertin sa ki lakòz panik nan mitan rezidan yo. Nan plizyè ri nan Kafou, sitou ruelle Saint Charles, ant Lamentin 52 ak 54, kadav yo anpile. Sa ki te lakoz tou elev bakaloreya yo te bloke nan sant egzamen yo.
Enfomasyon yo fe konnen Marc Arthur, youn nan lidè gang yo, se pami viktim nan lesefrape sa.
MENFP : Nan yon not pou laprès Ministè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl di li aprann ak lapenn lanmò Biguerline Francklin, yon etidyan NS4 nan Lycée Sybert, nan komin Croix -des-Bouquets.
Ministè a salye detèminasyon jèn Biguerline, ki malgre defi yon ane lekòl difisil, te pare pou fè fas ak egzamen bakaloreya yo. MENFP adrese senpati li bay paran Biguerline, kondisip li yo nan Lycée Sybert, ansanm ak tout moun ki afekte nan trajedi sa a .
Anplis de sa, MENFP felisite kouraj etidyan Roobens Stravensky Jean Baptiste ki malgre chòk aksidan an te koze ak pèt zanmi l, li jwenn fòs pou l kontinye egzamen yo.
Pou rapèl, Biguerline Francklin ak Roobens Stravensky Jean Baptiste t ap ale nan sant egzamen sou yon motosiklèt lè li te fè kolizyon ak yon kamyon, sa ki lakòz lanmò trajik Biguerline madi 6 out 2024 la.
MICT :Premye Minis, Dr Conille Garry, vizite Ministè Enteryè, li envite popilasyon an idantifye vrè lènmi nasyon an. Premye Minis la, Doktè Garry Conille, nan kapasite li kòm Minis Enteryè ak Kominote Teritoryal yo (MICT), te vizite lokal Ministè sa bandi ak zam te vandalize nan sant vil Pòtoprens. Premye Minis la, Doktè Garry Conille, pwofite envite manm popilasyon an pou yo idantifye vrè ènmi nasyon ayisyen an.
"Vrè ènmi pèp la se gwoup kriminèl ki teworize manm popilasyon an e ki anpeche sitwayen yo ale lib nan aktivite yo," sa eksplikasyon Premye Minis la, pandan vizit sa a. Nan kapasite li kòm Minis Enteryè ak Kolektivite Teritoryal Doktè Garry Conille raple ke kriminèl yo se pi move ènmi nasyon an.
“Vrè ènmi yo se politisyen ki kenbe manm popilasyon an an otaj. Vrè ènmi pèp la se koriptè ki gaspiye lajan piblik. Vrè ènmi yo se moun ki founi jèn nan katye ki gen anpil moun ak zam ak minisyon...", Premye Minis la kontinye mande sitwayen yo pou yo pa twonpe sib yo oswa lènmi ki atake sèvitè nasyon an.
“Kriminèl ak kravat ak sapat vle detwi enfrastrikti peyi a, men nou pral rekonstwi batiman nou yo epi retabli gou pou pèp ayisyen an viv. Ministè Enteryè ak Kominote Teritoryal yo pral repare epi remèt li nan sèvis popilasyon an ak kominote yo.” Doktè Garry Conille bay asirans ke Gouvènman an, Konsèy Prezidansyèl tranzisyon an ak patnè ak peyi zanmi Ayiti yo travay chak jou pou reprann kontwòl peyi a, mete Ayiti tounen sou ray devlopman ak retabli demokrasi,"
Odit-rekapitalizasyon: Nan Atelye sou "Odit ak Rekapitalizasyon Resous zImèn nan Administrasyon Piblik la", Premye Minis la, Dr Conille Garry, anonse rekritman 8,000 (uit mil) nouvo anplwaye, ladann fanm ak jèn sosyo-pwofesyonèl, pou renouvle anplwaye administratif ayisyen an. .
Nan eksplikasyon Chèf Gouvènman an, Doktè Garry Conille li di »
"Transfòmasyon ak devlopman Ayiti mande kapasite fanm ak gason ki angaje, devwe, ak dispoze bay tèt yo kò ak nanm pou chanjman peyi a".
Pou konkli Premye Minis la , Doktè Garry Conille di « Pou remedye sitiyasyon iregilye Administrasyon Piblik ayisyen an, apeprè 8,000 a 10,000 jèn gason ak jèn fi yo pral rekrite sou baz konkou, yon fason pou satisfè egzijans tranzisyon an e pou restriktire Administrasyon an.
EkipmanMSs: Lapolis nasyonal, Fòs Lame yo, ansanm ak misyon sipò sekirite entènasyonal la, sou wout pou jwen nouvo ekipman apwopriye pou fè operasyon kont gwoup ame yo.
MSSS la menm fè remake ke machin blende yo ki sou plas yo pa koresponn ak sa yo te rekòmande. Anplis de sa, yo santi bezwen pou gen omwen yon elikoptè pou konba. Jounal lenouvelis di li konfime Lòt ekipman, tankou zam, minisyon, machin blende sou wout pou PNH la, FAD'H ak MMAS la,".
PwogramBiden : sèvis imigrasyon amerikèn pibliye yon alèt sou sit ofisyèl li, yo fè konnen, pwovizwaman, DHSgov kanpe nan bay otorizasyon vwayaj ak nouvo benefisyè, pandan yap mennen envestigasyon sou pwosesis demann yo. USCIS di yap kontinye aksepte aplikasyon, men okenn aplikasyon pap konfime, toutotan ankèt la pa fini. Yo mande benefisyè ki deja resevwa « travel authorization » yo, pou yo toujou verifye kont USCIS yo, pou gade si pa gen mizajou, avan menm yo prepare vwayaj yo. « Moun ki gen otorizasyon yo valid, yo kapab vwayaje nòmalman », se sa USCIS presize.
Daprè yon rapò Federasyon ameriken pou refòm imigrasyon FAIRImmigration mete deyò, sòti janvye 2023 pou rive avril 2024, USCIS resevwa 2,6 milyon dosye, li apwouve 529 mil ladan yo, li rejte 120 mil, daprè FAIRImmigration genyen anviwon 2 milyon dosye ki an atant. Pami demann ki plis plis apwouve yo se Ayiti ki okipe premye plas la avèk 205 026 moun, anviwon 38,7 moun ki apwouve nan pwogram nan se Ayisyen .
Anote Kounyea depi yon Benefisyè jwenn otorizasyon vwayaj li, CBP bay yon dire ki kout anpil, ki varye ant 15-22 jou pouw vwayaje, dezisyon sa vini touswit aprè anpil fwòd responsab imigrasyon ameriken yo dekouvri nan pwogram Biden nan .
Manifestasyon : Maître Caleb Jean-Baptiste, kowòdonatè Blòk Avoka ki angaje nan Liberasyon Prizonye Politik yo ak Defans Dwa Moun, te anonse òganizasyon an yon jounen mobilizasyon sou Dimanch 11 out 2024 kont konseye prezidansyèl tranzisyon yo.
Pou eksprime dezakò yo ak ogmantasyon alarmant nan ensekirite ak move gouvènans Konsèy tranzisyon prezidansyèl la (CPT), Me Caleb Jean-Baptiste, an kolaborasyon ak alye li yo, anonse yon mobilizasyon ki planifye pou dimanch 11 out 2024 la.
Nominasyon: Stéphane Vincent se nouvo direktè sèvis Imigrasyon ak Emigrasyon. Se Minis Enteryè ak Kominote Teritoryal yo Garry Conille ki fè anons la, enstalasyon li se pou jounen vandredi 9 out la. Stéphane gen yon Mastè nan Dwa Teknoloji Enfòmasyon ak Telekominikasyon
…..
Etazini- Venezyela : Pandan yon konferans pou laprès nan Washington, Anbasadè Etazini nan Òganizasyon Eta Ameriken yo (OEA), Francisco Mora di: li mete prezidan Venezyelyen an Nicolás Maduro andefi pou l arete lidè opozisyon an Maria Corina Machado ak Edmundo González Urrutia.
« Si Nicolas Maduro deside fè sa, li pral aktive kominote entènasyonal la nan yon fason ke li pa t 'kapab imajine, e mwen panse ke efò li yo pou fraktire ak divize kominote entènasyonal la ap echwe mizèrableman. »
Venezyela : 24 moun mouri nan Venezyela pandan manifestasyon kont re-eleksyon Prezidan Nicolás Maduro. Lapolis te reprime manifestasyon sa yo ak fòs, pou ranfòse sipò yo pou lidè goch la.
Daprè yon rapò ONG dwamoun Provea fè konnen, ant dimanch 28 jiyè ak lendi 5 out la, 24 moun pèdi lavi yo pandan evènman ak manifestasyon ki gen rapò ak eleksyon yo. Chif sa a gen ladan l yon sòlda e direktè Divizyonè Amerik Dwa Moun yo, Juanita Goebertus.
Mobilizasyon yo byen vit diminye devan represyon ak arestasyon abitrè militan yo denonse sa. Plizyè manifestan blese mouri anba blese apre yo te transpòte nan sant sante.
Pou rapel Maduro pwoklame prezidan re-eli pou yon twazyèm manda sis ane ak 52% nan vòt yo. Advèsè prensipal li a, Edmundo González Urrutia, reprezantan lidè María Corina Machado, jwenn 43% nan vòt yo epi denonse fwod elektoral.
Kenya: Lapolis nan kenya bonbade yon jounalis CNN ak gaz lakrimojèn
pandan manifestasyon Jedi a nan Nairobi. Larry Madowo se nom jounalis CNN nan te frape pa yon fragman yon bonm gaz lakrimojèn Jedi pandan li tap fè rapòtzj sou manifestasyon nan Nairobi, Kenya kont prezidan William Ruto.
Yon ensidan CNN te kontakte otorite Kenya yo pou fè kòmantè sou ensidan an.
Anote Lapolis te tire gaz lakrimojèn sou manifestan ki t ap mande demisyon prezidan an nan kapital Kenya a nan Jedi pandan yon nouvo kabinè te prete sèman.
Manifestasyon yo nan Nairobi yo te òganize pa militan ki pa kontan ak Prezidan William Ruto, menm apre li te sakaje prèske tout minis li yo epi ajoute manm opozisyon an nan sa li te rele yon "" gouvènman lajman laj.
Redaction Yvena Colas /Ulysse Renois
Comments